Larisi di Ikrèn atake rejyon sou fwontyè li; Fòs Moskou yo frape yon klinik nan Dnipro

0


 A rescuer works at a site of a clinic heavily hit by a Russian missile strike in Dnipro, Ukraine May 26, 2023.



KYIV, Ikrèn (AP) — Otorite nan rejyon Belgorod nan sid Larisi di Ikrèn lanse gwo atak ak pyès kanno sou rejyon-an ki sou fwontyè Ikrèn.


2 dronn frape yon vil Ris nan yon rejyon ki toupre Penensil Crimea ke Larisi te anekse.


Pandanstan, fòs Kremlin yo frape yon klinik nan Dnipro Vandredi. Yon pasyan 69 an mouri e 23 lòt moun blese, pami yo 2 timoun.


Otorite Ikrenyen yo di tou ke yon misil S-300 Ris frape yon baraj nan distri Karlivka nan pwovens Donetsk nan lès Ikrèn.


Sa mete kominote ki toupre yo anba menas gwo inondasyon.

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire