Seyans fomasyon sou Gestion Ak Gouvernance yon inisyativ IGGEP dekonsè avèk Association des journalistes reporter d' images du Sud est (AJRIS).

0
         Institut de gestion, de gouvernance et des études politique (IGGEP) dekonsè avèk Association des journalistes reporter d' images du Sud est (AJRIS) òganize Yon seyans fomasyon sou Gestion Ak Gouvernance.

         Plis pase yon 15 zèn jounalis, etidyan ki nan lekòl jounalis, etidyan nan IGGEP AK plizyè kazèk ki sòti nan divès seksyon kominal depatman sidès peyi dayiti patisipe nan Yon seyans fomasyon vandredi 25 out 2023 Nan vil jakmèl sou gestion Ak gouvènans.

         Konferansye a,Deus Deronet montre enpòtans kolektivite teritoryal genyen a travè seksyon yo nan peyi a.Ansyen dépité Komin Marigo a fè konnen leta gen Pou misyon pou defann byennèt kolektif,pandan l di Atik 52-1 konstitisyon ayisyèn nan dekri fason pou Yon moun vin  sitwayen nan peyi a.

      Pwofesè Deus Deronet,pi lwen deklare anpil moun ki nan tèt peyi a pa Konn wòl yo pa rapò ak fonksyon yo okipe a.Ansyen dépité Komin Marigo a Deus Deronet di se sa yo ki lakòz peyi a nan nivo sa pa rapò ak anpil difikilte kazèk yo AP andire Nan seksyon an, pandanl souligné seksyon kominal yo se prensipal baz devlopman peyi a.

          Konferansye a Deus Deronet, fè konnen jenès la kap kouri kite seksyon kominal yo oubyen peyi a, gen yon rezon pa rapò ak movèz gouvènans. Deus Deronet deklare tout moun dwe obeyi AK la lwa peyi a.








Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire