Fèt patwonal Saint Anne AK Joichim nan 3 eme seksyon kominal wo kap wouj Komin Kay jakmèl.

0


                       Mwen menm Granmèt la map mande n pwatike lajistis ak fè sa ki kòrèk se sou tèm sa, plizyè milye fidèl kretyen katolik ak pèleren fête fèt patwonal yo Saint Anne AK Joichim nan 3 eme seksyon kominal wo kap wouj Komin Kay jakmèl mèkredi 26 jiyè 2023.

                       Nan okasyon solennité Saint Anne AK Joichim nan Evèk dyosèz jakmèl la Monseyè Marie Érick Glandas Toussaint deklare se gras ak Yon grann,yon manman, oubyen Yon papa edikasyon anpil timoun fèt nan sosyete a pandanl fè konnen Gran paran yo toujou gen yon kichòy sere pou pitit pitit yo.

                       Monseyè Marie Érick Glandas Toussaint ankouraje timoun yo pou adore ak kontanple grann yo AK paran yo nan sosyete a, nimewo un (1) Evèk dyosèz jakmèl la pi lwen deklare jenerasyon jounen jodya pa gen respè Pou adulte yo pa rapò ak movèz frekantasyon yo nan sosyete a,lèl konsidere anpil timoun jounen jodya ki rabese paran yo devan zanmi yo pa rapò ak ran sosyal yo nan sosyete a.

                    Selebran prensipal la di gen anpil moun kap pale nan medya Chak Jou kòm kwa yo vle chanje peyi a,epoutan nan fwaye yo se ipokrizi,ak move trètman yap bay sèvant AK madanm yo,Nan sans sa Monseyè Marie Érick Glandas Toussaint deklare gen anpil valè ki pèdi nan sosyete a akòz twòp magouyè,blofè kap fè sa yo pi pito sou bout tè papa Desalin nan.

                    Evèk dyosèz jakmèl la Monseyè Marie Érick Glandas Toussaint ankouraje paran yo pou aprann timoun Viv byen Nan fanmi yo konsa yap kapab fè bon sitwayen nan peyi a.

          Jounalis Jeannis Bedouet pou Radio Yakimel









Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire