Komisè divizyonè Serge Aland Jolicoeur se non Yon Nouvo direktè polis ki enstale nan tèt komisarya Jakmèl la.

0
          Vandredi 21 jiyè 2023, an prezans plizyè otorite sivil, politik, polisyè AK jidisyè, yon Nouvo direktè polis enstale nan tèt komisarya jakmèl la, nan okasyon an enspektè jeneral la Pierre René François ki te vin fè enstalasyon an mande ak nouvo direktè polis la pou fè prèv de zèv li Ak travay li nan lide pou etabli lapè Andedan kominote a.

          Jean Gabriel Gabard DDSPNH, adjwen nan komisarya jakmèl la kite pran lapawòl an absans ansyèn direktris la polisyè Jean Dieulane Joseph deklare ak nouvo Direktè polis la, yo pral travay ansanm nan lide pou établi sekirite nan vil a vokasyon touristik la.

          Nouvo Direktè polis la Serge Aland Jolicoeur kite pran lapawòl mande aK tout sitwayen, zanmi, fanmi pou evite tonbe nan zak malonèt, selon DG PNH la, li pwal travay dekonsè avèk tout polisye nan rejyon metwopòl sidès la, pandan l mande ak manm popilasyon an pou travay dekonsè avèk lapolis nan lide pou fasilite tout moun sikile san okenn enkyetid.


Jounalis Jeannis Bedouet pou Radio Yakimel.












Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire