Plizyè sitwayen manifeste kont fenomèn blakawout la nan jakmèl.

0
Sou inisyativ mouvman kleje Jem ,plis pase yon dizèn moun manifeste nan lari vil jakmèl Jedi 20 jiyè 2023, nan objektif  Pou mande Ak otorite konsène yo nan jakmèl bon Jan esplikasyion sou fenomèn blakawout la ki kontinye ap Taye banda plis pase 2 lane nan rejyon metwopòl sidès la.

Pwotestatè yo ki gen Nan men pannkat ki gen divèz slogan tankou aba blakawout pakouri divèz ri nan site alsibyab pwomerak la.

Mouvman kleje Jem te deja anonse yap foule béton an pandan 7 Jou jeriko nan lide pou pèmet otorite yo nan jakmèl reponn AK revandikasyon yo.

Nap souliye vil jakmèl ,vil limyè se premye vil ki gen kouran Nan karayib la nan lane 1895.Jounen jodya ki tounen yon vil fè nwa depi plis pase 2 lane.

Journaliste Jeannis Bedouet pou Radio Yakimel.


Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire