Institut Panos avèk finansman USAID lanse yon kanpay sansibilasyon kont kolera nan Sidès

0
          Dimanch 16 ak lendi 17 jiyè 2023 se 2 jou sa yo ke Institut Panos avèk finansman USAID te pran pou òganize 2 seyans oryantasyon pou 20 jèn ki angaje nan Kesyon santé ak 20 ASCP (Agent de santé communautaire polyvalent.
          2 jou fòmasyon sa se te pou lanse yon kanpay sansibilizasyon pòt a pòt kont maladi kolera ki pou moman sa ap fè viktim nan depatman. Kanpay sa ap dire 5 jou, kap komanse madi 18 jiyè pou bout samedi 22 jiyè 2023.  Se pou rezon sa maten madi 18 jiyè a ajan kominotè ak jèn angaje yo t prezan nan vil jakmèl ak zòn avwazinant yo pou fè sansibilizasyon kont maladi sa ki rele kolera.
          Nap soulinye  ke se Dr Whisteler Saint Louis ki se ajan mobilizatè Institut Panos pou depatman sidès e ki ap ankouraje popilasyon an pran vaksen pou fè prevansyon e konbat maladi kolera.









Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire