Gwoup Koral LACORDEE nan ville Jakmel nan katedral la ap fete 50 an depi yo egziste 25 Dawout kap vini laa

0
  



                        Yon koral ki pran nesans jou ki te 25 Dawout 1973, ta pral vin transfome an gwoup nan yon tan ki tro long.Gwoup Koral LACORDEE pral gen 50 lane depi li t kreye 25 nan mwa dawout 2023. Responsab yo deside oganize anpil aktivite kap make 50 tan fondasyon yo depi yo ap bay pep bon Dieu a servis nan legliz la nan jacmel ak lot sevis tankou nan domenn edikasyon, pastoral, fomasyon ak lot anko.
                        Plizye manb nan Gwoup koral LACORDEE Ki gen yon metye nan men yo kelkonk, pa neglige mete yo ansanm  pou pote konkou yo bay pep Bon Dieu a nan jan yo kapab kote sa nesesite pou kontinye fe travay imanite jan groupe LACORDEE anseye yo sa.Nan okazyon 50 an, Gwoup la déjà mete kek aktivite sou pye tankou 50 jour de priye ki komanse deja kote yap mande gras, yo batizel 50 jou de gras, kote Pou kounyea yo déjà sou 11 zyem jou de priye yo Ki fet chak apre midi.
                        Gen anpil lot aktivite yo konte reyalize pou fe 50 an sa yon evenman ki pou make listwa Gwoup saa , yon gwoup anpil moun nan populasyon jakmelyenn nan konsidere kom patrimwann sitou nan chante gran mes ak fet nwel nan katedral saint Jacques ak Phillipe.
                        Nap kenbe nou infome sou res aktivite yo kap gen pou reyalize nan okazyon 50 an gwoup Koral LACORDEE jous yo ftetel 25 Dawout prochen kote nou tout deja invite.











Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire