Shelson Sanon toujou ap mande Jistis ak reparasyon nan men lajistis Aprè plizyè mwa liberasyon

0


                            Nan yon rankont ak la près nan vil jakmèl jou ki te vandredi 14 jiyè 2023,Shelson Sanon di li toujou ap tann desizyon lajistis ayisyèn pou li kapab jwenn Jistis ak reparasyon koz li t depoze yon plent nan pakè Port au prince depi jou ki te senk (5) fevriye 2023 kont Pierre Espérance ki koz li pèdi dis (10)ane nan vi li  e li t tou profite mande eskiz piblikman  ak ansyen senatè Joseph Lambert, Edo Zenny .                               N'ap raple Shelson  Sanon te jwenn arestasyon li nan ane 2013 e li t libere jou ki te 19 janvye 2023 ,selon sa li explike 10 zan prizon sa li pran se a koz direktè ekzekitif RNDDH la Pierre Espérance t fè  presyon sou li pou li t siyen dokiman ke li pat konsilte avan e nan dokiman sa Shelson Sanon t declare li se yon manb nan gang kako ki ap dirige pa ansyen senatè Joseph Lambert ak ansyen senatè Edo Zenny




Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire