Fèt patwonal Marie Madeleine nan lokalite peredo Komin Marigo depatman sidès dayiti.

0
Plizyè milye fidèl kretyen katolik ak pèleren fête patwòn yo Sent Marie Madeleine nan 5 eme seksyon savann dibwa nan lokalite peredo Komin Marigo depatman sidès peyi dayiti samdi 22 jiyè 2023, nan okasyon an evèk dyosèz jakmèl la Monseyè Marie Érick Glandas Toussaint mande pèp Bondye a pou pran Marie Madeleine kòm modèl yo nan kominote a.

Nimewo  un (1) dyosèz jakmèl la Monseyè Marie Érick Glandas Toussaint denonse ipokrizi Lakay sèten ayisyen kap Sal imaj sèten moun atravè rezo sosyal yo.

Monseyè Marie Érick Glandas Toussaint pi lwen deklare gwo lapli ki tonbe sou depatman an pandan kòmansman mwa lakòz anpil ravaj Andedan kominote peredo a.

Selebran prensipal la, Monseyè Marie Érick Glandas Toussaint preche tèt ansanm nan kominote a,pandanl profite denonse anpil moun kap vòlè Sak pa pou yo, Evèk dyosèz jakmèl la,mande AK tout fidèl kretyen katolik yo pou konvèti nan tout sa yap antrepran n Nan lavi yo .

Monseyè Marie Érick Glandas Toussaint preche fidèlite lakay fanm AK gason ,pandenl di gen anpil moun ki renmen jounen jodya pou byen materyèl, selon Evèk la se sa ki lakòz relasyon yo pa kapab dire Andedan sosyete a.

Jounalis Jeannis Bedouet pou Radio Yakimel.


















Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire