Pou sizyèm Edisyon festival feminis nègès mawon, yon mach atistik te reyalize nan vil jakmèl

0


 

                    Sou inisyativ nègès mawon ( organisation féministe revendicatrice à but non lucratif) yon òganizasyon ki  fonde nan lane 2015 ki ap lite pou emansipasyon fanm yo ak liberasyon yo sou tout fòm vyolans yap sibi nan sosyete a, yon mach atistik te reyalize nan vil jakmèl jou ki te samedi 22 jiyè 2023.

                    Mach atistik sa  ki pote non lalin ak solèy  enskri nan kad sizyèm Edisyon festival feminis nègès mawon ki pote non "pitit fim" ki ap reyalize nan 3 vil diferan tankou Jacmel, Cayes,Port au Prince .Festival sa se pou denonse tout fòm vyolans kap fèt sou tifi nan pays a espesyalman nan vil jakmèl. 
Mach atistik la te demare  egzagteman nan zòn st-cyr  a 5h nan aprè midi et yo te mache nan plizyè zòn nan vil la tankou Isaac Pardeau ,rue Pétion pou al bout rue st- anne  ,patisipan yo te gen pankat nan men ki te make tout sòt de slogan tankou : plas tifi pa nan kizin sèlman, Jistis pou tifi ki sibi kadejak nan men gang ,kalòt pa karès  pou nou site sa yo sèlman.
                    Tout pakou a ,avèk anpil enèji yo tap chante , di tèks, lanse slogan, jwe tout jwèt ke tifi konn jwe ou sinon  ta dwe jwe.Pou te tèmine ak mach sa Gaëlle Bien Aimé ki se comédienne ,artiviste, humoriste en menm tan tou ki se youn nan manb  òganizasyon nègès mawon te pran la pawòl pou li te di ke nègès mawon kanpe ak tout tifi ki ap sibi vyolans et li te tou pwofite sansibilize popilasyon an pou konbat vyolans kap fèt sou tifi et te tou pwofite pou remèsye centre culturel Maurice Cadet ak tout lòt centre ki gen nan vil et Sitou lòt òganizasyon feminis ki gen nan jakmèl. Aprè se te moman pou kèk artiste peintre te prezante kèlke tablo yo te penn pou sikonstans lan ,touswit aprè se te moman pou kèlke chantez te  chame piblik la ak vwa yo nan tèks mizikal ki dekri sitiyasyon ke tifi yo ap viv nan sosyete a.

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire