FÈT PATWONAL SEN DOMINIK NAN KOMIN MARIGO DEPATMAN SIDÈS PEYI DAYITI

0
           Sen Dominik Edem Kore lavim sou Bondye nan pwatike lajistis ak fè sa ki kòrèk se sou tèm sa plizyè milye fidèl kretyen katolik ak pèleren dekonsè avèk klèje pawasyal la fete patwon yo sen Dominik vandredi 4 out 2023 nan Komin Marigo depatman sidès peyi dayiti.

          Nan okasyon an selebran prensipal la Monseyè Marie Érick Glandas Toussaint nan omeli kikonstans li egzòte otorite konsène yo pou bay jistis ak moun ki merite jistis nan peyi a.Evèk dyosèz jakmèl la Monseyè Marie Érick Glandas Toussaint kritike konpòtman sèten moun atravè peyi a kap Sal anviwonnman pandanl profite denonse ipokrizi Lakay sèten politisyen kap chache relasyon avèk manm popilasyon an aprè yo finn Kite pouvwa.

       Evèk dyosèz jakmèl la Monseyè Marie Érick Glandas Toussaint fè konnen jounen jodya manje rete yon liks pou manm popilasyon ayisyèn nan, sepandan li preche tèt ansanm nan mitan tout pitit peyi a.

      Nap raple mès solanèl sa chante an prezans plizyè otorite sivil, politik, polisyè ak jidisyè.nimewo en (1) dyosèz jakmèl la deklare sa gen plis pase 2 lane depi moun jakmèl pa wè kouran elektrik. Monseyè Marie Érick Glandas Toussaint swete tout pitit peyi a an patikilye moun jakmèl pou fè prèv yo nan fè sa ki kòrèk pandan yap bay yon lòt oryantasyon ak site alsibyab pwomerak la.

     Jeannis Bedouet pou Radio Yakimel



















Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire