Inogirasyon yon sant rezèvwa dlo pou alimante Sant vil Lavale.

1
        Samedi 15 juillet 2023, nan lokal klèb Galop louange bar and grill ki trouve l Nan  dezyèm seksyon kominal tènye komin lavale jakmèl.
          Responsab lameri  komin Nan majistra Marie Yollène phillipeaux Scutt dekonsè avèk responsab dinepa Guito Édouard ansanm avek manb popilasyon an inogire Yon Sant rezèvwa dlo ki gen yon pwofondè 500 M3 Pou alimante Sant vil Lavale a.
         Yon seremoni ki dewoule an prezans divèz manb nan sosyete sivil la, majistra Jakmèl la Macky Kessa, polisye, Ak jidisyè.
         Pou pèmet Aktivite sa te byen dewoule gen divèz twoubadou ki tap kreye animasyon San konte twoup Paj da.
          Nap souliye se Kire pawas sen Jean Baptiste la pè Simon François ki te louvri seremoni an, aprè plizyè Aktivite tou swit tal beni espas ki loje Sant rezèvwa.

Atik Jeannis Bedouet pou Radio Yakimel











Ces posts pourraient vous intéresser

1 commentaire