Pastoral Fanmi nan Pawas Sakre Kè Meyè pou kapab fete ak Manm ki fè pati gwoup sa a

0
          Dimanch 9 jiyè 2023, pastoral fanmi nan pawas Sakrekè meyè vil jakmèl reyalize yon gwo kokenn fèt nan lide pou onore manman, papa ak timoun yo.
      Nan okasyon fèt la, pastoral fanmi onivo pawas la envite plis pase dis (10) gwoup, mouvman, mizisyen ak  koral vin patisipe nan festivite a. Yon Aktivite kiltirèl ki òganize Nan Biten  night club nan lokalite meyè, aloske pastoral fanmi onivo pawas la toujou pwofite okasyon fèt yo pou selebre fanmi yo atravè pawas la. Mouvman pastoral fanmi nan pawas Sakrekè meyè gen plis pase 5 lane depi lap òganize Aktivite kiltirèl yo. 
           Nap fè remake se yon Aktivite ki reyalize an prezans Kire pawas la pè Bertrand Dieuveille Ak omonye pastoral fanmi an onivo dyosèz jakmèl la pè Jean Leslie Laguerre.



            





Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire