Seremoni lansman proje reyabilitasyon ak konstriksyon dalo Ravin Wouj La Montagne Bellevue

1
                             Sou inisyativ yon organizasyon ki pote non TEAM LA MONTAGNE BELLEVUE yo te fe lansman yon proje konstriksyon yon dalo nan dat Premye (1) Jiye pase a. Se te an prezans manm komite oganizasyon sa ak kek manm nan popilasyon an tankou Rev. Pere Valcin Decilus e latriye. Dalo sa ap pemet popilasyon an travese an tout sekirite ravin sa ki te konn anpeche manm popilasyon sikile kom sa dwa e ki te konn lakoz plizye ka aksidan.
                                Kek manm nan popilasyon ke Jounalis radio Yakimel ki te prezan te pale ak yo te fe konnen yo deja we yo pral viv plis an pe paske pral gen mwens aksidan, yo deja remesye oganizasyon (TEAM LA MONTAGNE BELLEVUE) ki pran inisyativ są. 
                                    Nan poz premye pye a pou konstriksyon dalo a Rev. Pere Valcin Decilus te béni lansman travay sa a. Responsab oganizasyon an lanse apel ak tout pitit la montagne kap viv an deyo ak andedan peyi a pou kole men ak yo nan bawo kichow kap ede yo fe swivi ak proje sa (materyo, lajan etc..).  






Ces posts pourraient vous intéresser

1 commentaire